This PDF 1.5 document has been generated by cairo 1.9.5 (http://cairographics.org), and has been sent on pdf-archive.com on 13/04/2017 at 20:14, from IP address 69.201.x.x.
The current document download page has been viewed 750 times.
File size: 24.2 MB (16 pages).
Privacy: public file
Lila ap jwe boul
Christina Doret
Kreyòl
Lila ap jwe boul
Ilistrasyon: Audeva Joseph
Kreyòl
Haiti
Copyright © 2017, Christina Doret
http://creativecommons.org/licenses/by-nd/4.0/
You are free to make commercial use of this work. You may not
make changes or build upon this work without permission. You
must keep the copyright and credits for authors, illustrators, etc.
Maten an, Lila leve bonè. Li benyen, li met
rad sou li, li penyen tèt li. Lè li fini, li soti
deyò. Nan lakou a, li jwenn manman li kap bay
poul yo
manje. Li salye li epi, lè manman li
fini, yo toulède tounen antre. Yo fè manje
ansanm, yo manje epi yo netwaye kay la.
1
Manman Lila di li konsa:
- Ou mèt al jwe ak lòt timoun yo wi siw vle.
Kòm Lila te gentan fin konn leson li, li te
gentan fè devwa li, li soti. Lila kouri al bò
teren an kote tout lòt timoun yo.
Tifi yo ap jwe marèl, yap sote kòd epi ti
mesye yo ap jwe foutbòl. Lila kanpe yon moman
lap gade yo. Li anvi al eseye tou.
2
Lila deplase kite zanmi li yo ki tap tann li
pou yo kòmanse fè lago. Li al pale ak Jozèf ki
se kapitèn ekip foutbòl katye a. Jozèf fè kòlè
paske se lè sa a li ta pral fè yon gòl. Men li
vinn kote Lila kan mèm. Lila dil konsa:
- Jozèf, eske wap dakò poum antre nan ekip
la?
Jozèf gade Lila epi li ri.
3
Li di Lila:
- Tifi pa konn nan jwe foutbòl! Al sote kòd
oubyen jwe marèl tande!
Lila pa di anyen. Li ale lakay li san li pa di
zanmi li yo orevwa.
4
Lè Lila rive lakay li, li jwen manman li ap
lave rad. Li pran yon ti chèz ba, li chita kote
li men nan machwè. Kòm manman Lila konn
pitit li byen, li mande li:
- Lila, kisaw genyen?
Lila reponn li:
- Mwen anvi aprann jwe foutbòl men Jozèf pa
vle aksepte mwen nan ekip la.
5
Lila ap jwe boul-Kreyòl-PDF.pdf (PDF, 24.2 MB)
Use the permanent link to the download page to share your document on Facebook, Twitter, LinkedIn, or directly with a contact by e-Mail, Messenger, Whatsapp, Line..
Use the short link to share your document on Twitter or by text message (SMS)
Copy the following HTML code to share your document on a Website or Blog